PROSAMI : Pou byennèt total kapital fanm ki ap fè pitit ak timoun nan peyi Dayiti

PROSAMI, Pwojè a

Fondation Jules et Paul-Émile Léger prezan epi angaje nan kominote Leyogàn, an Ayiti, depi 1989. Pou konnya, Fondasyon an mennen yon pwojè sou sante fanm ki ap fè pitit ak sante timoun, ki se yon kokennchenn travay pou kwape kantite manman ak timoun ki ap mouri nan lokalite a, ki pami zòn ki gen plis ka lanmò nan peyi a. Se konsa pwojè ki rele PROSAMI a fè an sòt ke li bay jarèt nan sèvis ki ap ede fanm akouche, ki ap okipe de sante timoun ak tibebe ki fenk fèt yo nan lopital ak sant sante ki nan zòn Leyogàn-Gresye, pou yo konstwi yon sant chiriji obstetrik epi amelyore sèvis ki ap bay nan senk sant sante kominote.

Fondasyon an ap travay tou pou li antre nan santiman popilasyon ayisyèn lan sou kesyon dwa sante epi fè konnen nouvo sèvis ki genyen yo, gras ak kreyasyon yon rezo 50 ajan sante kominote. Nan peyi Kanada, Fondasyon an bay tèt li tou kòm okipasyon pou li antre nan santiman popilasyon an gras ak divès aktivite sou pwoblèm ki konsène Sante manman yo, tibebe yo ak timoun yo nan peyi Dayiti.

Matènite, yon dokimantè ki ap pase sou entènèt

Pou sa kapab rive fèt, Fondation Jules et Paul-Émile Léger komanse yon pwojè dokimantè entènèt, MATÈNITE, ke Approprimage kreye, pou li kapab pale de traka pou sante manman ak timoun an Ayiti. Matènite montre aklè tout reyalite sa yo gras ak pòtre gason epi sitou fanm ki ap mate anba touman fè pitit nan peyi yo. Chak grenn nan yo rive pale de yon koze nasyonal lajman laj ki chaje ak nanm Epi kòz ki poko fin bout.

Matènite, ekspozisyon ki ap pwomennen toupatou

Nan lide pou antre nan santiman moun ki nan Kanada epi fè yo mete men pou rezoud pwoblèm sante ak sosyal manman ak timoun peyi Dayiti ki nan lokalite Leyogàn ak Gresye, Fondation Jules et Paul-Émile Léger genyen tou yon ekspozisyon ki ap mache tout kote epi ki fè tout moun patisipe, ke Approprimage te kreye tou, pou li kapab kenbe dyalòg sou sijè Sante fanm ki ap fè pitit ak sante timoun an Ayiti.

Matènite, se an menm tan yon pwojè ekpozisyon ki tout kote nan reyalite vityèl.

Enskri adrès entènèt ou pou w resevwa pakou ekpozisyon an :

REMESIMAN

Fondation Jules et Paul-Émile Léger mete ak Approprimage swete remèsye gwo tonton kout men moun ki te patisipe nan pwojè dokimantè entènèt sila, tankou :

  • Marie Guerline Pierre
  • Serginio Auguste
  • Marie Italienne François
  • Wilson Joachim
  • Magalie Salomon
  • Ronaldo Desrosiers
  • Solange Attis
  • Diana Leriche
  • Danièle Magloire
  • Carine Clermont
  • André-Paul Vénor
  • Joan Lysias
  • Mireille Henry
  • Voltaire
  • Pierre Denis Laurent

LAMERIT

APPROPRIMAGE
  • Julien Dechamps Jolin, konseptè, reyalizatè, montè, kadrè, redaktè
  • Jonathan Boulet Groulx, konseptè, reyalizatè, direktè pwodiksyon, kadrè
  • Manon Harsigny, konseptèz, kowòdonatris pwodiksyon, montèz, redaktèz
  • Audrey Wells, desen grafik
  • Marc Lariviere, desen grafik
  • Patrick Boivin, devlopman entènèt
  • Patrick Vézina, devlopman entènèt
  • Victor Hayeur, konpozitè son
  • Marine Clément-Colson, montèz
  • Marie Flore Morett, tradiktè
FONDATION JULES ET PAUL-ÉMILE LÉGER
  • Jean-Philippe Brouillard et Moustapha Dembélé,
    pwodiktè egzekitif ak reskonsab dosye a

  • Frédérique Thomas, direktèz, pwogramasyon entènasyonal
  • Jaime del Carpio, jesyonè pwogram, Amerik Latin
FONDATION JULES ET PAUL-ÉMILE LÉGER, AN AYITI
  • Michel Carroll, chèf pwojè
  • Dr Patrick Dimanche, konseye pou apiye enstitisyon
  • Dr Santia Chancy, konseye sou gouvènans ak swivi-evaliyasyon
  • Miss Miriame Augustin, konseye pou apiye kominote
  • M. Willy Georges, kontab PROSAMI
  • M. Paulinet Lauture, chofè pou api lojistik
  • M. Sabaël Auguste, chofè pou api lojistik

PROSAMI, PATNE YO

Canada
Ministè sante piblik ak polilasyon peyi Dayiti
Sant koperasyon entènasyonal sante ak devlopman (CCISD)
YON REYALIZASYON
Approprimage
Fermer