Carine Clermont
Carine Clermont
Aktivis nan kesyon dwa fanm

Carine Clermont se yon militant nan zafè dwa fanm. Depi plizye lane, lap ba yo jarèt pou yo ka granmoun tèt yo andedan fwaye yo sou kesyon lajan. Carine Clermont bay lanmen tou pou ride jenn ki pa konn kò yo ak fanm ki ap viktim kadejak tout tan. Souvant fwa li travay nan sant kiltirèl Pye Poudre ki chita nan Potoprens.

Tande pawòl Carine

  • Dosye moun de byen pa pale
  • Kadejak
  • Liberasyon ak respè fanm yo
  • Fè mesye yo travay
  • Kantite lajan ki ka bay sante
Mireille Henry
Mireille Henry
Direktris kap travay gratis nan sant pou fanm nan Leyogan, Femmes Étoiles Filantes

Mireille Henry se direktris nan yon sant kap milite pou dwa fanm nan zon Leyogan. Se gras ak travay li fè nan bay fomasyon, chita tande ak kole zepol ak fanm yo ke Mireille Henry rive edike yo sou dwa yo ak zouti ki ka ède yo defann koz yo pi byen. Li pa nan benyen kache lonbrit sou dosye pil ak pakèt fanm kap monte yon maswife pa do nan zòn sa.

Tande pawòl Mireille

  • Planin familyal
  • Konbat maspinay gason ap fè sou fanm
  • Liberasyon ak respè fanm yo
Joan Lysias
Joan Lysias
Doktè ak direktris adjwent MSPP

Joan Lysias konnen egzakteman kijan sistem sante peyi Dayiti a mache ak traka ki gen ladann chak jou pou rive bay popilasyon an bon jan laswenyay. Etan done li konn kalve fanm yo nan cheche lasante, Joan Lysias rete kwe ke se efo ki pou fet nan bay bonjan enfomasyon ak edikasyon pou medam yo kap rive bay tet yo swen kom sa dwa.

Tande pawòl Joan

  • Santem se priyoritem
  • Rive tout kote
Danièle Magloire
Danièle Magloire
Sosyolog ak militant pou koz fanm

Danièle Magloire se yon soyolog ak yon militant pou koz fanm ki kreye Kay Fanm nan lane 1984. Depi plis pase trant lane, li devan bann nan anndan mouvman kap goumen pou mete sou pye yon Ayiti kap viv nan demokrasi, ki rèspèkte dwa ak valè fanm kom poto mitan kap menen pèyi sila nan devlopman.

Tande pawòl Danièle

  • Jete pitit
  • Kapòt ak planin
  • Pale de fè bagay
  • Jwenn bonjan swen
  • Pran ka malad yo
  • Zafè dwa ak pwoteksyon fanm
  • Vyolans obstetrik
André-Paul Vénor
André-Paul Vénor
Doktè, espesyalis nan sante piblik, ansyen direktè lopital

André-Paul Vénor se yon doktè ayisyen kap viv nan peyi Kanada. Ansyen direktè lopital kominotè nan Jan Rabèl ak lopital kominotè referans Tousen Louvèti nan vil Eneri nan peyi Dayiti, André-Paul Vénor devlope yon ekspètiz nan tout sa ki gen a wè ak lojistik ansanm ak devlopman strikti epi enfrastrikti pou domèn lasante. Antan ke prensipal konsiltan pou pwojè PROSAMI, André-Paul Vénor vwayaje regilyèman Ayiti pou li kapab swiv epi asirel ke pwojè ya ap byen mache. Konesans apwofondi li genyen de sistèm lasante peyi Dayiti fè ke li se yon resous kle pou ede nou konprann pi byen kijan fanm ak gason ki malad rive viv chak jou.

Tande pawòl André-Paul

  • Kontwole pouvwa fè pitit
  • Kwayans ak relijyon
  • Lafanmi tonbe an degraba
  • Tibebe ak timoun piti
  • Responsabilite lafanmi
  • Wòl papa pitit
  • Akouchman tradisyonèl
  • Lòt sèvis
  • Swenyay aprè akouchman
Fermer