Patisipe nan yon chanjman pozitif sou zafè sante fanm ki ap fè pitit ak timoun nan peyi Dayiti !

Pou met tèt ansanm ak ekip Matènite a :
matenite@leger.org

Pouki rezon mwen ta dwe kolabore ?

  • Mwen swete fè moun mwen konnen yo pran konsyans kijan li enpòtan pou diferan gwoup moun aprann yonn de lòt.
  • Mwen swete benefisye de yon zouti ki ap pèmèt mwen fè plis moun konnen pwoblèm mwen konnen oswa/ak sila mwen ap travay pou rezoud yo chak jou.
  • Mwen swete elaji konesans mwen sou fason moun aprann, konekte ak lòt moun epi jwenn opòtinite pou enplike m’ nan sosyete a.
  • Mwen swete sanbilize moun mwen konnen yo sou enpòtans edikasyon chak grenn moun antan ke sitwayen mond lan.

Kijan mwen ka pote kole pou fè yon chanjman pozitif ?

  • Mwen enfòme sou gwo evènman ki genyen nan kanpay Matènite a epi mwen patisipe nan evènman sa yo oswa patisipe nan fè pwomosyon pou yo.
  • Mwen difize wèbdokimantè a bay kontak mwen yo.
  • Mwen prezante wèbdokimantè a epi anime diskisyon sou li ak kontak mwen yo. Mwen itilize zouti pou aprann kisa Matènite ye nan espas lekòl.
  • Mwen reprezante ekip Matènite a nan evènman konsekan.
  • Mwen chèche okazyon pou fè valè Matènite (aksyon, evènman, pwojè, pwogram fòmasyon, konkou, eksetera)
  • Mwen ekri depite federal mwen pou fè li wè enpòtans pou li swiv Konsiy pou konsolide pozisyon antèt Kanada nan dosye ki gen awè ak sante fanm ak timoun.

Kijan pou mwen bay aksyon mwen yon valè

  • Mwen infòme sou strateji ki rekòmande yo pou mwen ka kontribye nan yon chanjman pozitif.
  • Mwen distribye kilè, kijan ak rezilta aksyon ki fèt yo bay moun mwen konnen yo.
  • Mwen itilize an priyorite mo kle #MateniteAyiti pou tout piblikasyon sou rezo sosyal yo epi idantifye osnon prezante òganizasyon ki dèyè inityativ Matènite a, pou ranfòse prezans travay ki ap fèt sou entènèt yo. Mwen itilize mo kle sa yo tou: #prosami #loeuvreleger #droitsdesfemmes #santedesfemmes #CanadaenHaiti #CanadaEnTête

Kijan mwen ka ede ekip Matènite a valorize travay mwen ?

  • Mwen enfòme ekip la de itilizasyon mwen konte fè de wèbdokimantè a.
  • Mwen voye foto ak videyo travay mwen fè yo.
  • Mwen voye kòmante ki fèt sou travay mwen reyalize yo ansanm ak statistik sou patisipasyon moun yo.

Kijan mwen ka mezire chanjman pozitif ki rive fèt gràs ak travay mwen yo ?

  • Mwen konstate ke sèten prejije kòmanse kaba.
  • Mwen konstate moun ki te ap tande mwen yo enterese pou konnen plis.
  • Mwen konstate ke brase lide ki leve yo pèmèt tout moun kesyone reyalite sou sante fanm ki ap fè pitit ak sante timoun ki ap viv ke seswa nan kominote mwen yan oubyen lòt kote.
  • Mwen konstate ke aksyon mwen yo rive fè lòt moun mete men nan travay la osnon angaje nan kòz la.

Fomilè pou kontakte nou / pou enskri

Fermer